#Vigil4Haiti #VeypouAyiti #pèdiwout

Yon vey pou tout sa nou pèdi

VEY: Pandan tout mwa Me 2023, ki se Mwa Eritaj Ayisyen epi JOU AKSYON: 28 Me, Fèt Manman Ayisyen

Yon tèt kole pou kite pale pou depoze omaj adye pou nanm ki pati ak dezolasyon, ki te yon manman, yon pitit fi, yon papa, yon pitit gason ki domaj fè vwal ale twò bonè. Deside kleronen non sila yo ki tonbe , ki pa gen non pase nan jounal, men ki merite ale ak lonè respè. Anpil nan nou pèdi moun nou renmen, gen lòt moun ki peye kidnapè sa yo pa posede, nou pèdi kay, biznis elatriye.

Twa dènye lane pase yo, kite nou ak kè sere nan gade jan kapital ak lòt zòn peyi nou ki pèdi wout anba zak laterè ak ensekirite ke nou pat janm imajine nan dòmi. Lapenn sa Pòtoprens tounen dechire kè nou tout. Volim vyolans monte disèt otè chak jou ki pase nan zòn tankou LAtibonit. Ensekirite a anpeche moun cheche lavi. gaz monte tèt nèg epi se pa konn gout pou jwenn li, ki lakoz transpò chè wotè syèl. Gen kote ki pase mwa e menm ane gaz pa disponib. Chak fwa yon moun nan zòn kapital la leve kite kay yo nan maten yo konnen yo riske non sèlman pou pèdi lavi yo, men yo riske tou pou yo kidnape ki lakoz fanmi yo pèdi tout sa yo te posede epi dwe menm très cheve nan tèt yo. Moun pa ka jwenn swen sante pou sove lavi yo epi gen yon grangou k ap vale teren akòz dezòd transpò a ak peryòd sechrès la k ap vin pi long. Gen anpil zon kote tout kominote nèt oblije deplase lè gang pran kontwòl katye yo.

Lè nou pale sou kiyès ak kisa nou pèdi, nou ka chanje jan moun ap rakonte sa kap pase a, nan sans bat bravo pou vyolans malouk sa ki pa janm di non viktim yo ou byen pale sou vrè kontèks kriz gouvènans ak sekirite a ki frape chak grenn ayisyen nenpòt kote yo ye nan lemond.

Nou pa ka rete an silans ankò!

Vin patisipe ansanm ak nou nan #VeypouAyiti!

PREMYÈ ETAP:

patisipe nan vey pou Ayiti sou entènèt. Atravè pòs sou rezo sosyal yo, lapenn ki kache yo pral parèt devan nou pandan n ap mande lemond pou yo gade pri kriz la koute Ayiti. Piba nan nòt la ap gen kèk gid pou pòs Vigil4Haiti/VeypouAyiti. Nou ankouraje w poste sou sa w pèdi nan ensekirite ann Ayiti. Pou anpil moun, se fanmi ou byen zanmi yo te pèdi. Gen lòt ki pèdi ekonomi yo akoz kòb yo peye kidnape, oswa kay yo oswa biznis yo pèdi.

GID POU POST MEDYA SOSYAL

Antre nan kanpay la lè w poste sou kont rezo sosyal ou yo tankou Facebook, Twitter, WhatsApp, TikTok, Instagram ak LinkedIn. Tanpri swiv prensip senp sa yo:

  • Pataje non ekzat yon moun ou te pèdi nan ensekirite ak yon bèl bagay sou jan yo te viv kòm ke fason yo te mouri. Si sa posib, ajoute ane mwa/ane yo te fèt ak mwa/ane lanmò yo. Mete yon foto lè yo te VIVAN. Tanpri PA afiche okenn imaj grafik oswa foto kadav.

  • Afiche sou masak oswa zak vyolans ak sa ki apwopriye tankou yon lyen nan yon atik oswa tweet ki soti nan yon sous nouvèl ou fè konfyans.

  • Afiche sou lòt pèt ki soti nan kriz sekirite ak gouvènans, tankou pèt kay, biznis, aksè nan edikasyon oswa travay, kapasite pou chèche swen sante, ak lòt enpak dirèk sou lavi ou.

  • Sèvi ak hashtag la pou kanpay #Vigil4Haiti #veypouAyiti #pèdiwout epi mete @HaitiWatch nan post ou yo.

DEZYÈM ETAP:

Planifye yon evènman an pèsòn Vigil4Haiti/VeypouAyiti jou ayisyen fete Manman , dimanch 28 me. Twòp manman pèdi pitit yo akoz vyolans k ap grandi ann Ayiti. Evènman ou a kapab yon moman espesyal pou Ayiti pandan adorasyon legliz nan Dimanch, oswa yon ti rasanbleman fanmi ak zanmi pou limen bouji, oswa yon apèl kominote a nan aksyon pou Ayiti. Nou pral bay kèk lide pou ede w òganize evènman yo ak kontakte medya lokal yo pou kouvri Vigil4Haiti/VeypouAyiti lokal pou ede nou rele lemond pou yo pran aksyon pou Ayiti.

ENSKRI POU FÈ YON EVÈNMAN VEY POU AYITI

Si w enterese nan òganize yon evènman Vigil4Haiti/VeypouAyiti nan legliz ou oswa nan kominote lafwa w, ak fanmi ak zanmi oswa pi gwo kominote w la, tanpri ranpli fòm sa a. N ap voye kèk enfòmasyon itil pou w ka kòmanse planifye Vèy ou a ak konsèy sou fason pou w angaje laprès lokal la pou nou ka ogmante enpak nou. Yon lis konplè sou evènman lokal Vigil4Haiti pral disponib sou sit sa a nan pa lontan