Deklarasyon konjwen ak apèl a aksyon sou kriz an Ayiti

JIYÈ 2021

Pou reponn ak kriz an Ayiti a, ki vin pi grav  swit ak zak sasinay sou Prezidan Jovenel Moïse, nou menm, moun ak òganizasyon ki siyen anba nòt sa, voye kondoleyans  ak mo senpati bay tout fanmi ayisyen yo ki deja pèdi yon moun pwòch yo nan vyolans san kanpe dènye tan sa yo. Nou rekonèt kounya gen militan ak defansè dwa moun  an Ayiti ki ap fè fas ak  gwo malè pandye pandan yo ap kontinye fè travay yo pou yon pi bon lavni pou tout Ayisyen.

Pami anpil evènman malouk ki sot rive nan mwa pase yo an Ayiti, ki gen ladann masak nan Delma 32 epi lanmò wo nivo yon gwo militant ki se Antoinette Duclaire epi jounalis Diego Charles; batay san rete gang ak atak mete dife nan katye popilè ki koz plis pase 18,000 moun kite kay yo; epi grav asasinay Jovenel Moïse lakay li nan lannwit 6-7 jiyè;

Lè nap konsidere jan pèp ayisyen an ap viv nan yon kondisyon ensekirite malouk ki fè li difisil pou li ale nan travay, epi  gen yon kriz grangou ki ap gwosi;  rekòlt yo echwe akoz chalè tanperati ki ap monte piwo akoz dezòd kap fèt sou klima a;  vyolans gang yo bloke wout yo epi fèmen posibilite pou rive nan mache yo, epi plis pase 4.4 milyon moun pa gen ase manje pou yo manje chak jou;

Lè nap konsidere jan ka COVID yo ap ogmante, epi jan manke  sekirite ak vyolans gang fè li enposib pou materyèl pou sove lavi yo rive jwenn lopital nan lòt pati nan peyi a pandan yo tou lakoz blokaj pi gwo depo gaz kapital la, ki lakoz anpil kote pa gen gaz nan moman an;

Nou mande kominote entènasyonal la pou kanpe solidè ak pèp ayisyen an ki ap mande pou:

(1) Yon solisyon ayisyen. Ayisyen ta dwe pran kontwòl nan bati chemen an pou pi devan. Aktè etranje yo pa dwe enpoze solisyon apati de letranje. Menm anvan asasinay Moïse la, òganizasyon ayisyen yo te deja ap bati konsansis pou yon gouvènman tranzisyon. Gouvènman etranje yo ak enstitisyon entènasyonal yo pa dwe depase wòl yo pou yo deklare ki moun ki gen otorite an Ayiti, sitou lè sa gen kontradiksyon sou  lalwa ayisyenn. 

Nou bezwen sèlman gade misyon MINUSTAH ki sot pase a pou wè jan entèvansyon militè etranje yo pa rive kreye enstitisyon piblik demokratik dirab ki nesesè pou nenpòt ki peyi fonksyone. Malgre yo fè 13 ane epi depanse  7 milya dola ki reprezante 10 fwa PIB Ayiti a - misyon MINUSTAH kite Ayiti ak plis zam epi mwens demokrasi. Misyon an aflije sitwayen Ayiti yo ak eksplwatasyon seksyèl ak abi, kite dèyè dè santèn de pitit moun ki tap travay pou misyon nasyonzini, epi ki te responsab pou pote kolera an Ayiti, ki touye yon anviwon 10,000 moun.

(2) Yon angajman pou yon pwosesis demokratik kote tout mounpatisipe. Aprè plizyè dizèn  lane entèvansyon etranje ak politik èd  ki te destabilize Ayiti, chak branch nan gouvènman ayisyen an te sistematikman demantle, epi konfyans piblik la te gen nan gouvènans Ayiti prèske rive zero bare. Oganization ayisyen yo ak sosyete sivil la depi lontan ap mande pou yon gouvènman tranzisyon ki ka retabli estabilite, sekirite debaz, ak demokrasi. Ayiti dwe gen yon pwosesis tranzisyon nan lide pou rive rebati enstitisyon demokratik li yo, ak pwosesis sa a dwe gen patisipasyon tout sektè nan popilasyon an Ayiti.

(3) Asire kondisyon pou eleksyon rive fèt nan sans ki dwat, patisipatif, ak kredib yo an plas anvan yo prese Ayiti nan pran wout pou fè moun al vote. Eleksyon se yon pati fondamantal nan pwosesis demokratik la. Men, yo dwe fèt lib epi san patipri de fason lejitim pou yo rive ranfòse demokrasi a. Eleksyon yo pap lib epi jis si tout moun ki ka vote pa gentan anrejistre alèz, yon konsèy elektoral endepandan epi lejitim, ak sekirite nesesè non sèlman pou vote, men tou pou kanpay ka rive fèt jiskavan jou eleksyon yo. Yon patisipasyon solid ki mande pou fanm ak lòt gwoup majinalize patisipe tou nan pwosesis elektoral la. Yon mache prese pou fè eleksyon sou yon delè ki enpoze entènasyonalman riske pou plis degrade demokrasi an Ayiti.

(4) Pwoteksyon pou dwa libète lapawòl epi dwa a lavi. Pandan twa dènye lane ki sot pase yo, tout pèp ayisyen te aprann jan pa gen sekirite; pa gen okenn garanti  yo pral ka rantre  lakay yo lè yo soti. Defansè dwa moun ak militan yo se souvan sib menas ak atak, epi moun ki travay nan bay swen sante esansyèl yo tonbe anba bal epi mouri nan ka kidnapin, atak ak vyolans gang. Vyolans ki baze sou sèks, ki gen ladan kadejak, te ogmante pandan kriz sa a, epi dè milye de fanm ak tifi  te oblije deplase kite kay yo, ki vin rann yo plis vilnerab.

Twa zan de sa, nan dat 6-7 jiyè, 2018, prèv yo te gonfle pou montre moun nan gouvènman an te vòlè plis pase $ 2 milya dola nan kès leta, epi pri gaz yo te monte te pwovoke premye lansman nan yon seri de manifestasyon kont koripsyon ak enpinite. Gwo mobilizasyon Ayisyen tout kalite ki soti nan tout kouch sosyal ak politik te mache ansanm pou mande met kòd nan bra moun ki patisipe nan move zak sa yo  epi mande pou  demokrasi tabli.  Moun sa yo te viktim anpil zak represyon brital nan men gouvènman an epi endiferans nan kominote entènasyonal la.

Gen 18 masak ki dokimante nan Pòtoprens pandan twa dènye lane sa yo. Moun ki komèt krim yo te vize katye ki pi chofe nan manifestasyon opozisyon a gouvènman an, epi jiska jounen jodia a, moun sa yo  pa janm ko rekonèt koupab pou zak sa yo. Gwoup dwa moun yo te rive dokimante koneksyon ant kèk ofisyèl nan gouvènman  ak gwoup ame ki responsab nan masak sa yo, pami moun sa yo gen  Moïse ak lòt minis gouvènman an. Gen kèk moun ki ale pi lwen pou di jan kalite masak sa yo se krim kont limanite.

(5) Rekonèt kijan entèvansyon etranje kontribye nan kondisyon aktyèl yo an Ayiti. Pandan anpil moun ap rele Ayiti yon "eta fayi", sa nou wè se echèk  plizyè syèk move politik enpoze sou Ayiti pa kominote entènasyonal la, ki gen ladan politik  èd, ki priyorite enterè etranje ak pwogrè ti bout tan devan  demokrasi dirab ak pwosperite pou Ayisyen. Tranblemandetè 2010 la se te yon opòtinite pou rebati Ayiti avèk enstitisyon piblik solid. Men, sa ki te rive pito sè ke dè santèn de milyon èd dola te ale nan men enstitisyon etranje ak ONG, olye yo te ale jwenn administrasyon piblik Ayiti.

Pou yon Ayiti djanm,

Adrian Dominican Sisters

AL- AHAD

American Friends Service Committee

American Jewish World Service

Association d’Initiative Civique Culturelle et Communautaire (ASPIC)

Benedictine Sisters of Erie

Beyond Borders

Border Network for Human Rights

Bureau des Avocats Internationaux (BAI)

Caribbean Evaluators International

Casa Generalizia della Societa del Sacro Cuore

Center for Economic and Policy Research

Center for Gender & Refugee Studies

Centre de sante

Church of the Brethren, Office of Peacebuilding and Policy

Communities for Haitian Entrepreneurs and Startups (CHES),.Inc

Community Coalition for Haiti

Community Powerhouse Consulting & Coaching, LLC

Congregation of the Sisters of St. Joseph of Peace

Congregation of Our Lady of Charity of the Good Shepherd, U.S. Provinces

Congregation of Sisters of St Agnes and CSA-USA Associate Community

Congregation of Sisters of St. Agnes

Congregation of St. Joseph Peace and Justice Team

Congregation of the Mission

Congregations of St. Joseph

Daughters of Wisdom US Province

Defend Haiti's Democracy

Diaspora Community Services

Dominican Leadership Conference

Dominican Sisters ~ Grand Rapids

Dominican Sisters of Blauvelt, NY

Dominican Sisters of Hope

Dominican Sisters of Houston

Dominican Sisters of Sinsinawa Peace and Justice Office

Environmental Justice Initiative for Haiti

Erie Benedictines for Peace

FAR: For A Reason, Inc.

Faiths for Safe Water

FEWGI

FONDAMA

Fondatione PROCLADE internationale ONLUS

Franciscan Action Network

Franciscan Sisters of the Sacred Heart

Free the Slaves

Friends of Matènwa

Global Justice Clinic, Washington Square Legal Services

Global Ministries of the Christian Church (Disciples of Christ) and the United Church of Christ

GOALS Haiti

Groupe d'Appui au Développement et à la Démocratie (GRADE)

Haiti Design Collective

Haiti Dream Keeper Archives

Haiti Justice Alliance

Haiti Response Coalition

Haiti Solidarity Network of the North East

Haitian Bridge Alliance

Haitian Studies Association

Health and Education for Haiti

Institute for Justice & Democracy in Haiti (IJDH)

Institute of the Blessed Virgin Mary

Intercommunity Peace and Justice Center

International Human Rights Clinic, Harvard Law School

Just Haiti, Inc.

La Troupe Makandal

Latin America Working Group (LAWG)

Latter-day Saint Democrats of America

Leadership Conference  of Women Religious

MADRE

Maryknoll Lay MIssioners

Maryknoll Office for Global Concerns

Maryknoll Sisters of St. Dominic

Mennonite Central Committee U.S.

Mercy Beyond Borders

Micatal

Missionary Oblates

National Advocacy Center of the Sisters of the Good Shepherd

National Council of Churches of Christ in the USA (NCC)

NJ State Industrial Union Council

Nou Pap Dòmi

Oblats de Marie Immaculée - JPIC

OBMICA

Office of Peace, Justice, and Ecological Integrity/ Sisters of Charity of Saint Elizabeth

OKAP KONEKTE

Organisation for Dondon’s Intégral Development

Overture Outreach International

Passionists International

Pax Christi USA

Plateforme haïtienne de Plaidoyer pour un Développement Alternatif (PAPDA)

Presbyterian Church (USA)

Presentation Sisters San Francisco, CA

Prince of Peace Christian Fellowship

PRODEV

Progressive National Baptist Convention,Inc.

Project Blueprint

Quixote Center

RDC Social Justice Board

Reform Immigration for Texas Alliance

Religious of the Sacred Heart of Mary, Western American Province

Repatriate Our Patriots

Rights Action

Robert F Kennedy Human Rights

Salesian Missions

School Sisters of Notre Dame - CP JPIC Office

School Sisters of Notre Dame Atlantic Midwest Province

Sisters of  St. Francis of Philadelphia Justice Peace and Integrity of Creation Committee

Sisters of Bon Secours, USA

Sisters of Charity Federation

Sisters of Charity of Nazareth Congregational Leadership

Sisters of Charity of New York

Sisters of Saint Joseph of Chestnut Hill, Philadelphia, PA

Sisters of St. Francis Justice Peace and Integrity of Creation Committee

Sisters of St. Francis, Clinton, Iowa

Sisters of St. Francis, Oldenburg

Sisters of St. Joseph of Carondelet Albany Province

Sisters of St. Joseph of Carondelet, LA

Sisters of St. Joseph of Rochester

Sisters of the Divine Compassion

Sisters of the Holy Cross

Sisters of the Humility of Mary

Sisters of the Presentation, Dubuque, IA

Société du Samedi Soir

Society of Helpers

Society of the Sacred Heart US Canada Province

Sojourners

Solidarité Québec-Haïti

Southern California Partners for Global Justice

Springfield Dominican Justice, Peace, & Integrity of Creation Committee

St. Teresa of Avila Catholic Church  Atten; Patricia Waddell , Coordinator of Haiti Mission

Summits Education

Sustainable Organic Integrated Livelihoods (SOIL)

The Afiya Center

The El Paso (TX) Chapter, The Links, Incorporated

The Episcopal Church

The Haitian Women’s Collective

The United Methodist Church - General Board of Church and Society

U.S. Federation of the Sisters of St. Joseph

UNANIMA International

Unlocking Communities

Washington Office on Latin America

Wheaton Franciscans JPIC Office

Win Without War

Xaverian Brothers

Zanmi Lakay