US Sispann Bloke Demokrasi Ayiti

Yon kanpay pou Ayiti - 21 avril-18 me 2022

N ap mande Lèzetazini sispann sipòte Premye Minis Ariel Henry, ak pati PHTK ak afilye politik li yo, pou yon solisyon ayisyen ka parèt.

Ki wòl Gouvènman Ameriken (USG) dwe jwe nan kriz demokrasi aktyèl nan peyi dAyiti ?

Li pa byen kadre pou Etazini sipòte yon pati an patikilye, yon sektè oswa pou mande Ayisyen pran tel wout an patikilye kap mennen nan demokrasi. Ayisyen yo gen dwa pou chwazi lidè yo ak fòm demokrasi yo vle epi yon Ayiti ki gen bon jan estabilite ak jistis toutbon - se ta nan enterè Ayisyen yo epi USG tou pou kite Ayisyen granmoun tèt pwosesis demokratik yo epi pou rele yo chè mèt , chè metrès.

Ki wòl USG nan jou sa yo?

Etazini toujou ap pèsiste nan sipòte gouvènman ki la kounya an Ayiti.

Poukisa wòl USG nan tan sa yo ki ap sipòte gouvènman sa parèt chaje pikan kwenna?

Se Pati Ayisyen Tèt Kale (PHTK) ki gwo majòjon Gouvènman k ap dirije Ayiti a nan jou sa yo . PHTK a se Prezidan Martelly ki te fonde li apre li te vin sou pouvwa nan lane 2011; ansanm ak alye li yo li kontwole Ayiti pandan dis nan onz lane ki sòt pase la yo. Se pa de kalòt marasa Gouvènman PHTK yo bay enstitisyon demokratik Ayiti yo. Kèk nan egzanp nou ka bay se.

  • Refize fè eleksyon ki jis, nan tan sa dwe fèt. Nan plizyè milye pòs moun ki dwe pase nan eleksyon Konstitisyon Ayisyen an egzije, se sèlman 10 pòs ofisyèl ki gen moun nan plas yo. Palman an te depatcha an 2020 lè manda pifò manm yo te ekspire - 10 senatè ki rete yo pa gen kowòm pou yo fè anyen. Tout majistra Ayiti, ki gen yon gwo enpak sou vòt lokal nan eleksyon nasyonal yo, pouvwa egzekitif PHTK a te nonmen yo andeyò sa lalwa di.  Pa gen okenn Premye Minis ki pase depi 2019 ki te rive enstale jan manman lwa peyi a mande sa.

  • Dominasyon sistèm jidisyè a atravè arestasyon abitrè ak revokasyon jij , gen jij ki  nonmen jij sou baz opinyon politik epi yo pa mete moun nan pòs lajistis ki vid yo, aktè jidisyè yo ap sibi anpil gwo presyon  , ak koripsyon. Kou kasasyon   pa gen kowòm pou rankontre.

  • Mine Pase pwosedi jidisyè yo anba pye. Pa egzanp, lè yon komisè gouvènman ki t ap mennen ankèt sou asasina Prezidan Moïse la te mande PM defakto Ariel Henry pou l eksplike plizyè apèl li te fè ak yon sispèk douvanbann apre kèk èdtan asasina a, Henry te revoke komisè a. Lè Minis Jistis la te voye pye, Henry te revoke li. Uit mwa apre zak sasinay sa, pa gen yon sèl moun ki gen desizyon jistis sou ki kenbe sou do yo nan dosye a, epi ankèt jidisyè a te kanpe. laprès kontinye ap mete atik deyò ki lonje dwèt sou PHTK nan enplike aklè nan zak sasinay sa.

  • Asire enpinite pou krim kont limanite, ladann masak La Saline ak zak sasinay sou plizyè defansè dwa moun tout moun konnen. Enpinite sa a te kontribye nan diminye espas sivik pou defansè dwa moun yo, tankou jounalis ak aktivis sosyete sivil la. Li dirèkteman makonen tou ak gwo pousantaj vyolans ki gen na jou sa yo an Ayiti ak moun ki nan gwoupame ki pa Leta.

  • Atake manifestan ak jounalis yo, tankou nan tire sou yo, bat, epi sèvi ak dlo grate epi gaz lakrimojenn epi itilize gang alye gouvènman an.

  • Ankouraje epi sipòte gang yo. Gang - ki souvan jwenn sipò PHTK pou rezon politik, avek konsekans etenn souf tankou masak LaSalin - kontwole mwatye peyi a. To Kidnapin te monte byen wo, e pou anpil Ayisyen ale nan travay, lekòl, oswa nan yon magazen se tankou deside  sou lavi ak lanmò sa w pi pito. (Gade nimewo 26.D anba a). 

  • Piye trezò gouvènman an atravè gwo koripsyon. PHTK te fè wout kwochi ak plizyè milya dola ki te dwe al ede nan swen sante enpòtan, edikasyon, agrikilti ak pwojè devlopman ekonomik. 

  • Lakoz enflasyon ak devalorizasyon lajan a atravè koripsyon ak move jesyon. Lajan Ayiti a, goud la, te pèdi plis pase 30% valè devan dola ameriken an nan dènye ane sa, 160% nan dizan ki sot pase a. Enflasyon an monte plis pase 20%. Pwogram Manje Mondyal te estime jan plis pase 45% Ayisyen te fè fas ak grangou, menm anvan kriz Ikrèn nan. An reyalite, ekonomi Ayiti a te retresi chak twa dènye ane yo ki pase.

Lèzetazini rekonèt konplisite gouvènman ayisyen an nan plizyè nan domèn sa yo, sitou konsènan enpinite san kanpe , nan vyolans gang ak koripsyon.

Kijan USG te sipòte PM Henry ak gouvènman PHTK a?

USG te apiye PM Henry defakto ak rejim PHTK li a atravè plizyè inisyativ, tankou sa ki liste la yo.

  • Trete gouvènman PHTK a kòm kwa li endispansab pou nenpòt akò tranzisyon. Sa  bay Henry ak PHTK aklè yon dwa pakapala sou nenpòt akò tranzisyon oswa gouvènman, sa ki pèmèt yo pede fè demann enposib pou kenbe pouvwa yo. PHTK konnen ke aktè sosyete sivil la, opozisyon politik la, ak lòt sektè nan mouvman ki pou -demokrasi Ayiti yo  dwe satisfè sa yo mande yo pou pa  riske lakoz Etazini  kraze pwosesis la.

  • Enstale PM Henry nan pouvwa atravè yon anons "Core Group" ki sou kontwòl Etazini ap  (plis detay  piba).

  • Fasilite ansyen Prezidan Jovenel Moise rete nan fonksyon malgre ekspirasyon manda li a  an fevriye 2021 atravè yon deklarasyon sipò.

  • Refize kondane oswa menm rekonèt entèferans PHTK nan ankèt sou asasina Prezidan Moïse.

  • Refize kondane kolaborasyon PHTK ak manm gang yo, malgre li rekonèt akizasyon konplisite. Malgre  Administrasyon Trump la te sanksyone twa ayisyen anba Lwa Magnitsky Global paske yo te patisipe an 2018 nan masak La Saline  nan, Administrasyon Biden nan pat ajoute okenn sanksyon adisyonèl, ni li pat swiv  posisyon kritik Administrasyon Trump lan te fè sou atak gang/gouvènman an kont opozan politik, manifestan, ak laprès malgre rapò ki kontinye soti sou koripsyon gouvènman an ak konplisite li ak manm gang yo.

  • Pwomèt plizyè dizèn milyon dola nan yon konferans donatè nan mwa fevriye kote Nasyonzini te dirije ak gouvènman defakto Henry a. An total, donatè yo te pwomèt pou bay plis pase 600 milyon dola. 

Yon gwoup aktè ki soti nan plizyè sektè nan sosyete sivil ayisyen an, ki gen ladanl gwoup relijye, gwoup fanm, ak gwoup kominotè majinalize yo, ansanm ak òganizasyon politik yo, te reyini ansanm pou fè travay difisil pou rebati lejitimite demokratik atravè yon pwosesis patisipatif ak transparan anba Akò 30 Août la ( ki pote non Akò Montana). (Gade nimewo 5 anba a). Sipò USG pou PHTK a pèmèt gouvènman defakto a aji kòm yon gatesa, san yo pa antreprann ankenn jefò toutbon nan sans pou retabli demokrasi patisipatif oswa angaje yo de fason konstriktif nan pwosesis sa a, pandanke li menm li pa gen okenn lejitimite demokratik. Lèzetazini aktyèlman dwe retire kol pou bay posibilite pou  se yon solisyon ayisyen ki taye banda.

Kisa Akò Montana a ye?

Akò Montana a se travay Komisyon an pou Chèche yon Solisyon Ayisyen pou Kriz la, ki ap travay depi mwa mas 2021 pou retabli lòd demokratik an Ayiti epi ofri yon tchala pou reyalize revandikasyon jistis sosyal ki pale nan manifestasyon popilè yo. Nan mwa Out 2021, Komisyon an te pibliye Akò a, ki pwopoze yon gouvènman pwovizwa kredib ki konbine patisipasyon pati politik yo ak sipèvizyon òganizasyon sosyete sivil yo ki pa patizan, epi ki eksplike yon kad pou yon ajanda jistis sosyal. Responsablite prensipal gouvènman pwovizwa a se tap devlope kondisyon ki nesesè pou òganize eleksyon san patipri ak òganize eleksyon sa yo nan dezan, pandan yap mete fondasyon pou reyalize yon transfòmasyon sosyal pi laj nan wout pou lajistis.

Ayisyen kwè si USG te sispann soutni gouvènman PHTK a, li tap oblije kite pouvwa a oswa fè bon jan konsesyon nan negosyasyon yo. Ofisyèl USG yo te rekonèt tou PHTK pat tap kapab kenbe pouvwa a san sipò Etazini.

Òganizasyon tout sektè sosyal ak politik an Ayiti te dakò Akò Montana a, ki gen ladanl sendika, asosyasyon pwofesyonèl, alyans kiltivatè yo, gwoup fanm, gwoup dwa moun, dyaspora, ak òganizasyon relijye yo. Li te chwazi premye minis ak prezidan pwovizwa dapre fòmil Akò a, ki fè efò poul jwenn lejitimite li nan transparans ak patisipasyon nan absans wout manman lwa peyi a.

Nan mwa janvye 2022, pwosesis Akò Montana a te negosye yon akò elaji ak manm yo nan pwotokòl dantant Nasyonal Modifye a (Pen Modifié) (gade No 15 anba a), yon memorandòm etabli nan mwa Jiyè 2021 nan lide pou yo chwazi yon moun ki pou vin pran plas  prezidan asasine a epi ki siyen pa reprezantan ki soti nan 70 pati politik ak gwoup sosyal - ki gen ladan manm PHTK, alye, ak gwoup opozisyon yo. Akò revize ant gwoup Montana ak Pen Modifye a ranplase akò Montana ki te gen yon sèl prezidan an pa yon kolèj prezidansyèl  senk-moun, ki gen ladanl 1) ki deja genyen nan Akò prezidan Montana a, Fritz Jean; 2) yon manm ki te nonmen pa gwoup Pen Modifié a; 3) yon manm ki te nonmen pa gouvènman ayisyen kil la nan jou sa yo; ak 4-5) de manm nonmen pa lòt òganizasyon sosyete sivil tankou legliz yo ak inivèsite a.

Nan agrandi akò yo epi  ofri gouvenman an menm kantite  plas  nan konsèy prezidansyèl la, Pen Modifié, ak lòt sektè, divès patisipan nan akò  Montana a te dakò pèdi anpil bagay sou akò orijinal la, ki te deja yon pwodwi de anpil negosyasyon ak konpwomi. konsa, manm yo te fè gwo sakrifis nan revandikasyon ki enpòtan yo nan lide pou rive jwenn kolaboratè ki sou sa epi yo te montre yo an plizyè fwa vreman ouvè ak yon  dyalog toutbon, yon konpwomi politik epi yon volonte pou yo te mete Ayiti sou wout pwogrè ak estabilite avan ajanda politik pèsonèl yo.

Èske administrasyon Biden nan pa di li deja ap sipòte solisyon kote se Ayiti ki mètafè?

Administrasyon Biden nan te pwomèt li pap "chwazi ganyan ak pèdan '' an Ayiti ankò. Men, administrasyon an te deja chwazi ganyan lè yo te chwazi PM defakto Ariel Henry pou pòs li okipe a. Administrasyon an asire l Henry ak PHTK ap rete "ganyan" - nan pase demokrasi Ayisyen nan anba pla pye - nan kontinye sipòte l '. (Gade No 4 pi wo a).

Poukisa yon solisyon PHTK mètafè pa yon bon solisyon kote Ayiti anchaj?

Gouvènman PHTK jou sa yo  se Etazini ki te chwazi l,  se pa Ayisyen. PM Defakto Henry, yon ansyen ofisyèl aklè nan gouvènman PHTK anvan yo, se Prezidan Moïse ki te nonmen li de jou anvan asasina li, 7 jiyè 2021, men li pat gentan enstale. 8 Jiyè, Anbasadèz Helen La Lime, yon gwo chèf nan sèvis aletranje Etazini ki ap dirije Nasyonzini an Ayiti, te anonse  PM aktyèl la, ki se te Claude Jozèf, tap rete nan nan pos li. Men, 17 Jiyè , "Core Group," yon gwoup peyi  ki gen Etazini alatèt, te anonse  Ariel Henry ta dwe Premye Minis la. Nan anons nouvo wòl doktè Henry a, “Core group” pat sipòte okenn pwosesis ayisyen pou tranzisyon sa a; se Core Group ki te pwosesis tranzisyon an.

PM Henry ak gouvènman PHTK li a pa gen lejitimite konstitisyonèl. Gouvènman an pat ni nonmen ni konfime atravè yon pwosesis selon jan konstitisyon Ayisyen an mandel la,  se  yon Prezidan ki  te gen mandal gentan fini epi entèferans USG ki akouche li.

PM ak gouvènman PHTK a manke lejitimite popilè tou, paske yon pakèt moun nan elektora ak sosyete sivil Ayiti vomi li jete. Gen manifestasyon san kanpe ki mande pou gouvènman an panche sou pwoblèm ensekirite, enpinite, ak koripsyon, ansanm ak rezilta sondaj ki montre yon mank konfyans nan gouvènman an. Yon gran pati nan sosyete Ayisyen nan, ki gen ladan òganizasyon ki reprezante peyizan, travayè, fanm, òganizasyon pwofesyonèl, elit biznis, Vodouyizan, enstitisyon Katolik ak Pwotestan, ak pifò pati politik yo opoze ak rejim aktyèl la.

Apre Akò Montana a te pibliye, gouvènman Henry rasanble byen vit yon lòt akò  - ki te siyen  11 septanm - ki tap kenbe grif li sou pouvwa a. Akò sa a te atire kèk ansyen lidè  ki te asosye ak opozisyon an, men pifò pati politik  ak lòt òganizasyon sosyete sivil la rejte li. Administrasyon Henry a pat antreprann ankenn demach materyèl pou negosye ak aktè serye yo tankou Montana-Pen Modifye, ni te ofri modifikasyon nan apwòch makonnen pouvwa li a ki ta ka ede bati yon konsansis. Se konsa, yon gwoup siyatè akò 11 septanm lan te fèk kraze kite sa ak Henry pou ouvri yon chita pale ak gwoup Montana-Pen Modifié pou jwenn yon konsansis nasyonal, ki te sanble reflete fristrasyon yo fas ak entranzijans Henry kòm repons a sa gwoup la rele ". Enkonpetans pwouve pouvwa an plas la”  fas ak kriz kap pesiste nan peyi dayiti.

Men premye Minis defakto Henry gentan nan pos la. Èske USG pa ta dwe rekonèt reyalite sa a epi travay ak gouvènman li a?

Non. Sipò san limit gouvenman Ameriken bay premye Minis defakto Henry pou kenbe li nan pouvwa yon gouvènman ilejitim (gade pi wo a) ki dirèkteman responsab demantèlman enstitisyon demokratik Ayiti yo e ki mennen peyi a nan eta ensekirite li ye kounye a. Sipò sa a ap anpeche jan se Ayisyen ki jwenn yon solisyon pou kriz la, yon reta  Ayisyen òdinè, ki ap sibi vyolans, grangou, ak mank sèvis gouvènman an  yo santi yo about.

Rejim PHTK a demontre plizyè fwa  li pa respekte dwa Ayisyen e li pap fè pati yon solisyon demokratik. Li te pèsiste nan demantle estrikti demokratik yo epi nan plis pase dizan nan pouvwa li pa janm te òganize yon sèl eleksyon ki te alè oswa ki te fèt selon lajistis. Premye Minis Defakto Henry te refize angaje li nan diskisyon ki gen sans, konstriktif ak aktè sosyete sivil la. Menm alye ki soti nan akò 11 septanm li a te fe yon kraze kite sa pou yo te fè yon chita pale ak Montana-Pen Modifié pou eseye jwenn yon konsansis nasyonal pandan Henry rete tèt rèd. Espere  PHTK ap chanje pratik dizan yon politik anti-demokratik se yon mank dega pou pèp Ayisyen an.

Èske gouvènman PHTK a ka kombat ensekirite a an Ayiti?

Premye Minis Defakto Henry ak PHTK manke kredibilite, volonte oubyen konpetans pou konbat krim oswa ensekirite, ki se konplisite yo an grann pati ki lakòz krim sa yo, ki gen ladann sitou gwo koripsyon ak vyolans gang yo. Yo gen kontak sere ak gang epi ak trafikan dwòg entènasyonal yo e yo te pèmèt gang yo pran manm gras a enkonpetans, koripsyon, epi kolaborasyon gouvènman an - yon bagay USG te rekonèt nan dènye Rapò Peyi li sou Pratik Dwa Moun an Ayiti. Vrèmanvre, kriz gang ki genyen nan moman an gen rasin li nan aksyon PHTK ap menen ekspre pou konte sou vyolans gang yo pou diminye òganizasyon anti-gouvènmantal nan katye popilè yo. Epi kontwole eleksyon yo. Anplis de sa, Henry li menm, ansanm ak lòt ofisyèl ak moun ki afilye PHTK yo, ta sanble enplike nan asasina ansyen Prezidan Jovenel Moïse. Yo te tou aklè epi avek pèsistans anpeche envestigasyon ki gen rapò ak ankèt la.

Èske gouvènman PHTK a kapab amelyore ekonomi Ayisyenn nan?

Premye Minis Defakto Henry ak PHTK se prensipal kòz mizè ekonomik Ayiti; dosye yo demontre  yo pa pral kontribye nan yon rebondisman ekonomik.

Machin politik PHTK a baze sou piyaj trezò gouvènman an atravè gwo fòm koripsyon. Piyaj sa a te detounen plizyè milya dola nan pwojè enpòtan nan swen sante, edikasyon, agrikilti ak devlopman ekonomik, li lakoz Ayiti pa rive kapab bay pèp li a bon jan sèvis pou leve kanpe. Pandan twa dènye mwa 2021 yo, depans gouvènman an te 33% pi ba pase ane anvan an. Envestisman piblik la te degringole pi plis toujou, li te tonbe nan 73%. Gouvènman defakto Henry a pat rive peye korèkteman lapolis ni ba yo ase resous, sa ki te jwe yon wòl enpòtan nan enkapasite polis la pou jere vyolans gang yo ak ensekirite a. anplwaye gouvènman nan sektè swen sante, lajistis ak lòt sektè te pran chimen grèv manchlong jis pou yo te ka jwenn salè yo pot ko peye yo.

  • Travayè lopital yo te fè grèv nan mwa mas 2022 a akòz salè ki pa ase ak enkyetid sou kesyon ensekirite. Sa te vle di  gen aksè ak resous sante piblik yo, ki deja difisil akòz sistèm sante piblik frajil Ayiti a epi ki pa gen resous, vin pi difisil toujou.

  • Lapolis pat kapab fèfaskare ak ensekirite a paske li pa gen ase resous ak ekipman, li pa gen ase moun  epi li  manke zam pou twoke kòn a kantite pa gang yo. Sa te fè aksè ak pwoteksyon epi rekou jidisyè difisil anpil.

  • Ofisyèl lajistis yo te inisye yon grèv manch long nan mwa avril 2022 a pou fè respekte pwomès gouvènman an te fè yo, sa ki te lakoz tribinal yo te fèmen.

  • Mank finansman ak resous ki pa janm sispann yo  agrave pwoblèm ki genyen nan sistèm lajistis la, retade jijman kriminèl yo epi anpeche Ayisyen ki pa chabrak pou jwenn aksè ak jistis fòmèl pou rezoud konfli.  

Ki pozisyon dyaspora ayisyèn nan?

Vwa ki soti nan dyaspora ayisyèn nan, ki gen ladann lidè politik, relijye, ak òganizasyon sivik yo, te eksprime gwo enkyetid yo genyen sou kriz sosyal ak politik aktyèl Ayiti a. Manm dyaspora yo espere wè yon solisyon ap soti nan gwo dezòd la epi yo ap travay pou asire yo  solisyon sa a se ayisyen kap mennen l, ki reflete vwa ayisyen ki an Ayiti ak nan dyaspora a. Sa montre yon lòt fwa ankò jan Ayisyen ki an Ayiti yo se yo politik ak angajman Etazini nan gouvenans Ayiti afekte dirèkteman , aloske dyaspora a  ap sibi gwo enpak sitiyasyon an epi yo gen yon reklamasyon apa sou aksyon gouvènman ameriken an kòm moun ki vote nan eleksyon ameriken.

Gen plis pase yon milyon ayisyen premye ak dezyèm jenerasyon Ozetazini e pifò toujou rete byen konekte ak Ayiti. Pou anpil moun nan dyaspora a, kriz Ayiti a gen yon enpak pèsonèl ak finansye. Yo pa kapab vwayaje tounen an Ayiti, epi kòm sitiyasyon an vin pi grav, yo fè eksperyans pi gwo presyon pou voye plis lajan lakay yo menm lè yo menm yo pa kapab al  vizite peyi yo.

Mas kritik Ayisyen Ameriken ki Ozetazini deja afekte politik anndan lakay  Ameriken an nan eta kote gwo kominote ayisyen ap viv. Sa gen ladann Florida, (Djòdjia) Georgia, (Nouyòk) New York, (Noudjèze) New Jersey, (Masachosèt) Massachusetts, ak Pennsilvanya (Pennsylvania), kote Ayisyen jwe yon wòl de plizanpli enpòtan nan anpil distri kongrè a. Malgre dyaspora ayisyen nan divèsifye e li pa pale ak yon sèl vwa  sou solisyon yo, li dakò an jeneral pou nenpòt solisyon mande kanpay sistematik pou konbat koripsyon ak enpinite pandan yo ap ankouraje respè dwa moun. An jeneral, dyaspora a dakò  Ayiti bezwen eleksyon nasyonal ak minisipal gratis, jis epi tout moun ladann. Sa a se yon bagay  anpil manm nan dyaspora a - menm jan ak Ayisyen an Ayiti - kwè pap ka rive fèt sou rejim Henry a oswa san yon tranzisyon politik byen aklè ki atake motè estriktirèl kriz demokratik la an Ayiti.

Ki wòl aktivis ki pa ayisyen yo?

Defansè pou dwa ayisyen yo ki adopte yon apwòch solidarite yo kwè Ayisyen an Ayiti ak nan peyi Etazini ta dwe mennen batay la pou demokrasi an Ayiti, e politik Etazini dwe respekte dwa ayisyen yo. Aktivis kap fè solidarite yo gen anpil wòl enpòtan pou yo jwe, men yo konprann pwogrè dirab mande pou yo swiv lidèchip ak direksyon ayisyen an olye pou yo chèche ankouraje yon rezolisyon an patikilye.

Èske aktivis ki an solidarite ki baze nan Etazini andose Akò Montana a?

Aktivis ki an solidarite ki baze nan Etazini yo rekonèt  Ayisyen ta dwe kontwole  demokrasi pa yo. Anpil moun kwè  li pa apwopriye pou yo, antanke moun ki pa ayisyen, fòmèlman andose nenpòt machin patikilye pou rezoud kriz la, menm lè yo pran angajman ankouraje vwa ki soti an Ayiti ak nan dyaspora li a.


Aktivis ki an solidarite yo mande pou yon Ayiti demokratik ak yon pwosesis ayisyen dirije nan direksyon objektif sa a, ki mande patisipasyon, transparans, ak yon envestisman enpòtan nan rekonstwi gouvènman an ak lejitimite demokratik. Nou rekonèt jan nan plizyè pwosesis ak akò ki te mete devan pou retabli règ demokratik an Ayiti, pwosesis "Montana" te enplike plis dyalòg ak patisipasyon, jwenn sipò ki pi laj, e li te mete an aplikasyon estrikti ki ta enkilke oswa pwoteje Eleman kap patisipe nan demokrasi a. Anplis, se sèl akò ki sanble mete priyorite pou enklizyon ak patisipasyon tout aktè yo , san konte rejim aktyèl la, legliz Ayisyen nan, sektè prive a, epi dyaspora ayisyen an. Prensipal altènativ pa rapò ak akò Montana a se yon akò premye Minis defakto Henry te rasanble prese prese, ki ap ka kenbe PHTK sou pouvwa a, ki ap pèmèt li òganize eleksyon fomamit epi kontinye demantibile demokrasi Ayisyèn nan. Anplis de sa, PM defakto a pwouve li pa kapab respekte angajman li poukont li, sa ki te siyen akò Henry a dènyèman te montre jan yo fache paske li refize kenbe pwomès akò a.

Si USG pa ta dwe sipòte rejim PHTK a, ki moun li ta dwe sipòte?

Ayisyen ap mande Administrasyon Biden pou sispann sipòte rejim PHTK a. Yo pa mande USG pou sipòte okenn lòt pati oswa inisyativ. Yo jis vle Etazini sispann foure bouch fon, epi pèmèt yon solisyon kote se ayisyen kap dirije rive soti aklè . Ayisyen kwè si kominote entènasyonal la sispann foure bouch, yo pral kapab negosye yon solisyon demokratik dirab ak gwo baz pou kriz peyi yo. Gouvènman Ameriken an dwe konsyan sa ka pran tan , kidonk li pa ta dwe konsidere tan sosyete sivil ayisyen nan ak lòt aktè yo pase ap reflechi ak planifye kòm yon limyè vèt poul entèvni oswa dikte pwochen etap yo.

Kisa PEN Modifiye a ye e poukisa antre yo nan Akò Montana a enpòtan?

PEN (Protocole d'Entente Nationale) Modifié se yon kowalisyon ki gen anviwon 70 òganizasyon politik ak gwoup sosyal, e li gen ladan l anpil pèsonalite, tankou Prezidan Sena Ayiti a Joseph Lambert ak ansyen senatè Youri Latortue. PEN Modifié nan kòmansman te fòme an Jiyè 2021 nan objektif pou chwazi yon moun pou vin pran plas  prezidan asasinen an. Se te reprezantan yon pakèt pati politik ak gwoup sosyal, ki gen ladanl manm PHTK, alye, ak gwoup opozisyon yo ki te siyen pou sa .

Yo te rive jwenn yon konsansis politik ant PEN Modifié ak Akò Montana a an janvye 2022. Malgre enkyetid konsènan enklizyon nan PEN Modifié moun - tankou Senatè Latortue - ki gen move antesedan konsenan aktivite ilegal ak antidemokratik, Konsantis la, ki an majorite kenbe akò Montana a ki gen yon mekanis solid pou reyalize eleksyon lib e libè, ki an jeneral konsidere kòm yon pa an avan paske inisyativ makonnay sa konsantre plizye kalite pouvwa anba yon sèl parapli, bay yon kontrepwa pi fò pase PHTK.

Èske Akò Montana a ase patisipatif ak enklizif?

Akò Montana benefisye yon sipò ki pi laj nan sosyete sivil la pase tout lot pwosesis ki nan konpetisyon avèl yo, ak yon pi bon patisipasyon sitwayen, ni nan fòmasyon li ni nan lòt etap ki gen pou vini apre yo. 

Gen kèk aktè nan sosyete sivil la ki eksprime enkyetid konsènan limit akò Montana a, espesyalman nan popilasyon vilnerab yo, tankou kominote pi pa nan vil  yo ak moun k ap viv an deyò sosyete a. Lidèchip Akò a te rekonèt pwoblèm sa a e te pwomèt pou l rezoud li, malgre kondisyon difisil yo.

Èske fanm ayisyen yo patisipe nan tranzisyon politik sa a?

Fanm  Ayisyen yo depi lontan te toujou majinalize nan politik, lidèchip piblik ak ekonomik,  espas piblik ak ekonomi fòmèl an jeneral. Jodi a, Ayiti gen youn nan to patisipasyon fanm ki pi ba nan politik nan lemonn (sèlman 3% nan palmantè yo te fanm lè Ayiti te gen yon dènye palman ki tap fonksyone, ki kite fè li klase 186 - katriyèm pi ba - pou patisipasyon palmantè fanm nan mond lan) , epi fanm ayisyen yo fè fas ak gwo obstak, tankou menas ak vyolans, lè yo eseye antre nan espas sivik. Lidèchip fanm yo nan tranzisyon politik la enpòtan anpil pou rezoud pwoblèm sistematik sa yo epi ouvri lot wout sou fason yo gouvène. Lidèship fanm nan inisyativ Komisyon an te telman fò  medam aktivis dwa fanm an Ayiti yo te espere  yo pral gen yon pi gwo wòl nan tranzisyon an.

Omwen, yo dwe aplike kota konstitisyonèl Ayiti a ki mande pou fanm yo okipe pou pi piti 30% nan pozisyon gouvènman an.

Èske akò tranzisyon yo te pwopoze yo te gen egalite sèks?

Akò Montana a te fè yon pa enpòtan nan direksyon egalite sèks, alòske akò premye Minis defakto Henry a manke respekte pati sa a.

Akò Montana a gen yon gwo lidèchip fanm ladannl epi li gen ladann tou dispozisyon pou asire egalite sèks nan antite li yo. Fanm yo reprezante 50 pousan nan lidèchip Konsèy Nasyonal Tranzisyon an. Omwen youn nan senk manm Konsèy Prezidansyèl la dwe yon fanm. Dokiman Akò a vle klè sou pwen sa pou tout pozisyon yo ni fanm ni gason ka okipe yo - yon efò ki fèt tout ekspre pou ankouraje enklizyon sèks ak egalite.

Akò Premye Minis defakto Henry a, pou li menm, mansyone 30% kota ki tabli nan amandman 2012 konstitisyon Ayisyen nan, men li pa montre yon angajman pou rive nan egzijans sa a. An reyalite, akò Premye Minis defakto Henry a mande pou se sèlman youn sou 33 manm Asanble Nasyonal Konstitiyan an ki reprezante pa Sektè Fanm yo.

Kisa ki pwochen etap yo pou Akò Montana a?

Nan moman nap ekri atik sa a, Akò Montana te finalize plan li pou pouswiv ak yon gouvènans tranzisyon kap mennen nan eleksyon libelibè, ak kredib avek yon plan pou refòm jistis sosyal. Sa kap pwochen etap li se kontinye angaje li nan dyalòg politik ak sosyal poul ka ranfòse konpreyansyon ak sipò pou Akò a, epi ankò negosye ajisteman pou fè konpwomi ak moun ki ap kontinye fè opozisyon ak li. Se pou sa, gwoup Montana-PEN Modifié rapòte li te fè yon reyinyon "konstriktif" jou ki te 11 avril la ak yon gwoup ki sanble ap separe ak Akò 11 septanm Henry a (gade nimewo 7 pi wo a) e li te pwomèt pou l kontinye dyalòg yo. Gwoup la te demontre plis volonte pou negosye ak premye minis defakto Henry, men premye reyinyon yo pat abouti ak anyen e aktyelman gwoup la ap tann yon repons ak yon lèt yo te voye 14 fevriye bay PM defakto a, kote li te mande l konfime anvi li pou negosye, lè kondisyon yo reyini.

Poukisa USG ap sipòte gouvènman PHTK a?

USG deklare li pap soutni gouvènman PHTK a ankò (malgre gen anpil prèv ki montre lekontrè), kidonk li pa eseye jistifye politik la an piblik. Ayisyen, Ayisyen-Ameriken, aktivis kap fè solidarite yo, ak manm Kongrè a mande responsab administrasyon yo yon eksplikasyon nan plizyè reyinyon, san yo pa janm jwenn yon repons klè. Nou fè yon lis plizyè eksplikasyon ki posib, ansanm ak sa ki kontrè anba a.

  • Rezon ki posib USG 1: Yon konpreyansyon ki ta fè kwè yon altènativ ki pa genyen kontwòl  PHTK ka mennen nan yon kote pyès moun pa konnen  ki ka fè kondisyon yo vin pi mal an Ayiti.

    • Kontradiksyon: Pi gwol altènatif pou pa kontinye ak pouvwa PHTK a se Akò Montana a Komisyon an te pwopoze a. Akò a pwopoze yon gouvènman interimè ki makonnen avek patisipasyon pati politik yo ak sipèvizyon òganizasyon sosyete sivil la, e kote sosyete sivil la ak òganizasyon politik atravè espas politik ak sosyal Ayiti te apwouve. Se altènatif sa a ki pi pwòch yon konsansis demokratik (epi li ofri plis endis lejitimite demokratik ke kontinye ak pouvwa PHTK a) epi yo konsidere li kòm pi bon opsyon pou pouse pou pi devan.

  • Rezon ki posib USG 2: Sipò san parey pou PHTK atravè dirijan ofisyèl Depatman Deta yo, pami yo Kowòdonatè Espesyal Ayiti Anbasadè Kenneth Merten ak Asistan Sekretè Deta Anbasadèz Michele Sison.

    • Kontradiksyon: sipò Etazini pou PHTK a te epi  kontinye yon gwo pwoblèm epi lakoz anpil domaj nan pwogrè politik, sosyal ak ekonomik Ayiti. Kontinye sipòte PHTK kout ke kout nan eseye rete konsistan, pral sèlman lakoz plis domaj epi ogmante mefyans nan entèvansyon etranje. USG ta fè pi byen si li rekonèt erè pase yo epi chanje sipò li nan direksyon yon solisyon reyèl kote ayisyen anchaj.

  • Rezon ki posib USG 3: Enkyetid Akò Montana a, byenke fondamantalman se yon gwoupman pou-demokrasi, anti-koripsyon, ta ka mennen nan eleksyon Ayiti a yon gouvènman sant goch ki ta ka pwovoke kritik sou politik  administrasyon ayisyen nan nan men Repibliken ki nan Sena a. 

    • Kontradiksyon: Prezidan Biden te fè kanpay, e li te rive genyen, avek yon pwomès pou fè dwa moun tounen poto mitan politik etranjè Etazini. Kòm Prezidan li te konfime "defann libète, defann opòtinite, defann dwa inivèsèl, respekte règ lalwa, ak trete chak moun ak diyite" te nesesè pou Etazini ka afwonte defi mondyal yo. Abandone prensip fondasyon Administrasyon an ak vyole dwa demokratik ayisyen yo tou senpleman pa ka jistifye, ni nan nivo moral oswa pratik, paske yo pè kritik patizan.

Kiyès k ap fè apèl pou USG sipòte Henry ak PHTK?

Alafen, politik Etazini pou Ayiti se responsablite Prezidan Biden. Vizaj ki pi piblik nan politik peyi Etazini an Ayiti kounye a se Anbasadè Brian Nichols, Asistan Sekretè Deta pou Afè Emisfè Lwès la. Etazini pa gen Anbasadè an Ayiti, paske Sena Repibliken la refize vote konfimasyon anbasadè yo. Ansyen Anbasadè Ameriken an Ayiti Kenneth Merten se Kowòdonatè Espesyal Ayiti. Anbasadè Daniel Foote te Anvwaye Espesyal Ayiti, jiskaske li te demisyone an septanm an pwotestasyon kont sipò USG kontinye ap bay rejim PHTK a epi akoz tretman USG bay imigran ayisyen yo nan fwontyè ak Meksik. Gen kèk aktivis ki kwè ofisyèl politik zafè entèn wo nivo ap sipòte politik aktyèl la pou rezon elektoral.

Kisa Kongrè Ameriken an ap fè?

Manm Kongrè Ameriken an te toujou opoze ak soutyen USG ap bay rejim PHTK a epi obstriksyon li nan yon solisyon ayisyen pou jere kriz la. Lidèchip sou sa a soti nan manm House Haiti Caucus, nan Komite Afè Etranjè Chanm nan, ak nan Kongrè Nwa Caucus la. Pledwaye Kongrè a fè pou Ayiti gen ladann sa ki anba a.

  • Lwa sou Inisyativ pou Devlopman, Responsablite ak Transparans Enstitisyonèl Ayiti nan Lwa sou Apwopriyasyon Konsolide ki pi resan (gade pi ba a pou plis detay).

  • Odyans 7 Oktòb 2021 nan komisyon Afè Etranjè, kote Anbasadè Foote kondannen avek fòs ekspilsyon Etazini sou imigran ayisyen yo  epi tou sipò dire  Etazini kontinye ap bay pati kap dirije Ayiti a ki se PHTK.

  • Lèt 7 fevriye 2021  manm kongrè Andy Levin, Gregory Meeks, ak Yvette Clarke, ak kat lòt manm nan Kongrè a te voye bay Sekretè Deta Antony Blinken, pou mande peyi Etazini pou kondane aksyon anti-demokratik Prezidan Moise yo epi sipòte yon gouvènman tranzisyon an Ayiti.

  • Lèt 26 avril 2021  Reprezantan Gregory Meeks ak Hakeem Jeffries (epi 68 manm Komite Afè Etranjè Chanm lan te siyen) te voye bay Sekretè Deta Antony Blinken,  te mande Lèzetazini sispann finansman pou referandòm konstitisyonèl Prezidan Moïse te pwopoze a epi avèti sou danje pou ankouraje pou fè  eleksyon fo mamit.

  • Lèt 9 out 2021 ki te lanse ak sipò Senatè  Marco Rubio ak Bob Menendez  epi yon gwoup Senatè toude pati te rejwenn te voye bay Prezidan Biden te eksprime enkyetid yo konsènan ensekirite a an Ayiti apre asasina Prezidan Moïse.

  • Lèt 16 fevriye 2022 kote plis pase 100 manm demokrat Kongrè a te voye bay Prezidan Biden, te mandel poul adrese “move tretman ki souvan inimen” imigran ayisyen yo nan fwontyè ak Meksik la ak depòtasyon an mas yo, sitou akoz kriz la kap kontinye an Ayiti.

  • Lèt 16 mas 2022 a kote manb Kongrè  Ayanna Pressley ak Mondaire Jones  te voye bay Sekretè Depatman Sekirite Enteryè a Alejandro Mayorkas ak Direktè Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi Rochelle Walensky, te mande yo pou yo mete fen nan Tit 42 epi mete fen nan depòtasyon an mas imigran ayisyen yo, an repons ak desizyon Administrasyon Biden nan te pran pou sispann vòl depòtasyon yo nan Ikrèn akoz de kriz imanitè a nan peyi sa a. Lèt yo te fè remake  administrasyon an te depòte plis pase 20,000 ayisyen malgre kriz politik ak sekirite kap kontinye an Ayiti.

  • Lèt 17 mas 2022 a kote sèt manm Kongrè a voye, mande Lèzetazini pou retire sipò yap bay Premye Minis defakto Ayiti a, Ariel Henry, depreferans sipòte efò ayisyen yo pou tabli yon gouvènman tranzisyon. Lèt la te note ke Henry manke lejitimite pou rezoud kriz politik Ayiti a.

Ki politik USG ta dwe genyen anvè migran ayisyen yo?

Lèzetazini dwe sispann depòtasyon rasis ak ilegal ayisyen yo anba atik 42 ak Pwotokòl Pwoteksyon Migran (MPP), ki se tou de politik pou anpeche migran ayisyen yo mande azil ki se tout dwa yo dapre lwa entènasyonal epi ki vyole prensip pa-depòte, peyi Etazini te siyen.

MPP a se yon zouti ilegal  USG te itilize pou anpeche ayisyen ak lòt imigran chèche azil Ozetazini, nan vyolasyon obligasyon legal - san pale obligasyon moral - pou pèmèt yo fè sa. Lè li fòse imigran yo rete tann nan peyi Meksik pandan y ap trete ka imigrasyon yo, USG ap ekspoze yo a òganizasyon kriminèl transnasyonal ki atake imigran dezespere ak sa ki vilnerab yo. Pou Ayisyen, ki pa pale Panyòl epi ki manke rezo sipò nan nò Meksik, sitiyasyon an grav anpil.

Aplikasyon  Tit 42 a se te yon vyolasyon moun pat janm wè avan sa sou  obligasyon  Etazini genyen dapre  lwa entènasyonal refijye yo pou yo pa depòte moun kap chèche azil yo nan yon peyi kote yo pè pèsekisyon, epi pa gen okenn fondman pou gen enkyetid pou sante piblik. Ofisyèl sante piblik yo, ki gen ladanl Doktè Anthony Fauci, te deklare klèman  imigran yo pa reprezante yon menas pou sante piblik, ankò mwens yon menas ki ka monte nan yon nivo  "danje pou sekirite," epi Tit 42 sa pa yon zouti efikas pou diminye COVID-19. Anons CDC a ki dapre li menm ta dwe mete fen nan pouvwa gouvènman an pou anpechel depòte timoun ki pa akonpaye yo anba Tit 42 a montre ipokrizi USG  nan kontinye aplike Tit 42 a pou lòt moun kap kouri pou danje, menm si li asoupli restriksyon ki lye peyi Etazini ak COVID-19 la.

Dènye Anons Prezidan Biden ki di li pral mete fen a Tit 42 a nan mwa me a - apre plizyè refijye Ykrenyen yo te refize antre anba politik la - se yon bon nouvèl, men li reflete an jeneral tou endiferans USG fas ak  sitiyasyon ayisyèn nan ak lòt imigran ki pa blan yo, pou moun sa yo  aktivis yo tap mande depi plizyè ane pou mete yon fen ak politik sa. Anplis, desizyon pou mete fen ak Tit 42 a te soulve  gwo reyaksyon bò kote Repibliken yo ak kèk lejislatè Demokrat tou, avek anpil ladan yo ki espere òganize yon odyans pou chèche yon pwolonjman pou politik sa ki pwoblematik epi rasis anpil. Ete pase a, anons yon anilasyon Tit 42 te anile apre opozisyon kont anons la.

Èske USG gen responsabilite nan migran ayisyen k ap chèche antre Ozetazini?

Wi. Lèzetazini te destabilize Ayiti — koze sityasyon refijye — depi  lè peyi a te sòti nan leve kanpe kont esklavaj an 1804 nan yon mond kote peyi esklavajis yo tap dirije ki te santi yo menase avek egzanp Nwa sa yo kite reyisi libere tèt yo. Lèzetazini ka rive diminye presyon migrasyon  Ayiti a selman lè yo mete fen avek modèl politik ki depi plizyè dizèn ane kap afebli demokrasi ak ekonomi Ayiti a epi ki te fòse ayisyen yo pran mezi dezespere nou wè nan Del Rio.

Anpil nan imigran ayisyen ki tap kouri ale Ozetazini te gentan kite Ayiti depi  plizyè  ane , nan kad yon menm kantite ayisyen ki tap sove kite kòripsyon, britalite ak povrete ki te ogmante sou administrasyon PHTK prezidan Moïse la (2017-2021) ak  Michel Martelly an (2011-2016). , ki te gouvène Ayiti pi fò pati nan dènye lane yo. Martelly te vin sou pouvwa apre administrasyon Obama a te fòse konsèy elektoral Ayiti a chanje rezilta eleksyon preliminè 2010 yo, mete Martelly nan dezyèm tou. Li menm ak sila ki vin apre  li a, Moïse, te jwenn sipò san kanpe nan men administrasyon Obama ak Trump, malgre koripsyon aklè, masak ki gen rapò ak gouvènman an, ak demantèlman rezolisyon estrikti demokratik Ayiti yo. Prezidan Biden te kontinye bay sipò sa a, apiye efò Moïse te fè pou pwolonje manda li a ak kanpe la pandan li te afebli enstitisyon demokratik Ayiti yo atravè dekrè egzekitif ilegal. Etazini kontinye apiye mounki vin apre Moïse la dèyè do lalwa, premye minis defakto Ariel Henry, malgre li pa gen lejitimite. 

Lèzetazini te sabote tou kapasite ayisyen yo genyen pou bay tèt yo sa yo bezwen yo nan  peyi pa yo. Prezidan Bill Clinton te mande eskiz an 2010 paske li te fòse Ayiti diminye tarif yo sou diri Ameriken an, sa ki te pèmèt diri sibvansyone ki soti nan peyi Etazini anvayi mache yo epi lakoz kiltivatè Ayisyen yo fè fayit. Lèzetazini te bay yon anbago tou sou asistans devlopman yo bay  Ayiti nan lane 2000, paske li pat renmen politik ekonomik pwogresis gouvènman eli a. Lè Prezidan Ayiti a, Rene Préval, te eseye ogmante salè minimòm peyi a a 5 dola pa jou an 2011, Etazini te fòse li koupe li a $3 pa jou, anviwon yon ka nan minimòm ki nesesè pou sipòte yon ti fanmi. Sa yo se antesedan dirèk 4.5 milyon ayisyen ki nan ensekirite alimantè jounen jodi a.

Poukisa yon gouvènans djanm, demokratik tèlman enpòtan pou Ayiti kounye a?

Bòn gouvènans enpòtan anpil pou rezoud lòt pwoblèm ijan tankou sekirite, jistis, e menm aksè ak sèvis debaz yo, tankou edikasyon ak swen sante. Koripsyon ak enkonpetans ki gaye nan gouvènman an rann li enkapab bay sèvis debaz yo - ou menm pa pèmèt lòt moun bay yo - epi yo te kite gang yo pouse kon djondjon, kreye yon klima ensekirite tètchaje. Pa egzanp, plizyè klinik,  ki gen ladan yo kèk Médecins Sans Frontières tap dirije - ki an jeneral opere menm nan zòn lagè - fèmen an 2021 (nan Matisan) epi ankò nan mwa avril 2022 (nan Site Solèy) akòz vyolans gang ak pwoblèm sekirite. Enplwaye lopital yo te fè grèv yo chak apa nan mwa mas 2022 a pou yo te pwoteste kont kidnapin ak lòt malvèsasyon  gang yo menase travayè swen sante yo, nan yon jan gouvènman an sanble pa kapab oswa pa vle afwonte.

Ayiti bezwen yon gouvènman ki eli demokratikman ki vrèman gen sousi pou pèp ayisyen an e ki pral travay pou retabli pouvwa a bay pèp ayisyen an; asire sèvis debaz ak dwa fondamantal; epi fè moun ki responsab abi dwa moun ak lòt krim, tankou manm gang yo, lapolis ak politisyen yo pase devan lajistis.

Ki pwoblèm ki pi ijan Ayiti ap fè fas kounye a?

Koripsyon ak abi gouvenman an

Koripsyon Gouvènman an nan nivo ki pi wo a ak tout vyolans ki te pran sanksyon epi vyolans leta te fè yo rete mak fabrik sou gouvènman defakto Henry a. Gouvènman PHTK yo te itilize lapolis – epi, souvan, gang – kòm zam pou mache sou opozisyon an ak konsolide pouvwa yo. Britalite lapolis se yon bagay ki pede rive, sa ki gen gwo konsekans pou sivil yo, ki viktim nan men moun ki responsab pou pwoteksyon yo.

Lè li kontinye sipòte Henry ak PHTK, USG se konplis nan kontinye ak koripsyon sa a ak abi gouvènman an, si byenke yo anpeche ayisyen kreye epi dirije yon gouvènman lejitim ak responsab.

Enpinite ak ratibwaze  nan sistèm jidisyè a

PHTK  te demantle sistèm jidisyè Ayiti a prèske nan pwen poul paka fonksyone: Sistèm jidisyè a manke endepandans epi fondamantalman li echwe nan bay pèp la jistis,  nan responsabilite, ak pwosesis nòmal la lwa yo.  Enpinite kap pèsiste nan vyolasyon grav sou dwa moun ak krim vyolan yo lakoz anpil domaj epi lakoz pèp la pèdi konfyans nan enstitisyon gouvènmantal yo. G9 alyans Gang ki gen ladanl Jimmy "barbecue" Cherizier jwe yon wol enpòtan nan ensekirite aktyèl ki gen Ayiti a malgre li gen yon manda dèyè l  depi kèk tan pou arestasyon li; sa se jis yon gwo ekzanp. Prèv vòl, koripsyon, ak lòt echèk nan ankèt sou asasina Moïse la se yon lòt.  Deteryorasyon sistèm jidisyè a sou PHTK montre vyolasyon dwa yo nan pwoteksyon egalego anba lalwa a ak efikas ak koreksyon atan; Patikilyèman enpòtan pou remake yo se kondisyon prizon ki ka touye moun Ayiti a ak gwo pousantaj nan detansyon pwolonje prevantiv. Swadizan patisipasyon PM deFakto  Henry a nan asasina Moïse  ak pèsistans li nan sabote faz ankèt la mete abse sou klou sou kilti malouk enpinite a ki  montre  gouvènman an pa volonte politik pou yo kenbe otè krim ak abi dwa moun ak lòt krim yo, pou mennen yo devan lajistis.

An menm tan, lite kont enpinite, ak kont manm gang yo, nesesè pou ekonomi  peyi dAyiti a ka relanse nan ekonomi ak politik, alèkile gang kounyea  a kenbe ekonomi a an otaj nan bloke  distribisyon gazolin, manje, ak lòt pwodwi kle. Yon sektè jistis ki ap byen fonksyone pral tou abòde ensekirite kap galope sa epi  ak pèmèt moun ki viktim krim jwenn bon jan dedomajman.

Mank estrikti demokratik

Asasina prezidan Jovenel Moïse jou 7 jiyè a te agrave yon kriz gouvènans ki te vinn pi grav pandan dis ane PHTK fè ap gouvène a ( ki pandan tan sa pat gen okenn eleksyon ki te fèt alè oswa ki te jije jis), kòm konsekans pa gen okenn mwayen konstitisyonèl pou abòde pòs prezidansyèl la ki rete vid. Sosyete sivil ayisyèn nan konsidere PM defakto Henry kòm yon lòt vizaj PHTK e li pa gen okenn otorite konstitisyonèl poul gouvène.

PHTK te ranplase estrikti demokratik Ayiti yo ak yon machin politik ki nouri ak yon koripsyon malouk. PHTK pat sèlman pa janm fè eleksyon ki jis, men li te tou demonte estrikti demokratik ki akonpaye bon eleksyon ak bon gouvènans yo. Pa gen okenn konsèy elektoral, pouvwa jidisyè a te dekouraje lè yo te arete ak revoke yon jij ilegalman, epi yo te netralize ajans anti-koripsyon gouvènman an.

Ensekirite

PHTK demonte nèt mekanis sekirite ak responsabilite Ayiti : kounye a ensekirite rive toupatou, epi li ra pou jwenn yon koupab.  Gang ame yo te pran prèske mwatye nan Pòtoprens ak apeprè 60 pousan nan tout peyi a, epi ka vyolans ak kidnapin papakèt yo kontinye ogmante. Sa te gen yon gwo konsekans pou sivil ayisyen yo, ki riske lavi yo si yo kite kay yo e anpil nan yo te deplase akòz vyolans la. Polis nasyonal dAyiti a pat kapab oswa pat vle konfwonte gang yo - pou  pi bon, yo manke zam epi yo manke ajan; pou pi mal, yo konplis.

Lòt konsekans koripsyon PHTK a ak atak sou mekanis responsabilite yo, lapolis vrèman manke resous epi li touche ase; menm inite polis espesyalize ki gen entansyon konbat vyolans gang yo twò pè antre nan katye gang kontwole yo paske gang yo pi byen ekipe ke yo. Vyolans ak ensekirite jeneral la te gen yon gwo enpak tou sou lòt sektè yo, tankou aksè a swen sante ak nesesite debaz tankou manje ak dlo, ansanm ak fonksyonman sektè jistis la. Ayisyen kontinye ap plede pou gen yon pi gwo atansyon sou sitiyasyon sekirite a pandan yo opoze ak fòs ak yon entèvansyon etranje.

Mank aksè a sèvis debaz yo

Enstabilite politik ak mank san kanpe gouvènman an nan depans sèvis sosyal yo, ki deja se yon pwodwi plizyè dizèn ane pratik èd entènasyonal ki pa pwodiktif ditou e ki souvan danjere, te kontinye anpeche ayisyen jwi dwa ekonomik ak sosyal yo, e li te lakòz yon kwasans ekonomik ki toujou negatif. Sa a te kontribye nan nivo ensekirite alimantè eleve Ayiti a, avek plis pase mwatye nasyon an kap siviv avek mwens ke US $ 2 pa jou. Aksè ak edikasyon, manje, ak swen sante tou te deteryore. Pwoblèm sa yo te vinn pi grav avek tranblemann tè mwa Out la ak tanpèt twopikal, ki te kite plizyè milye moun san kay oubyen san aksè ak sèvis debaz yo, ak rate petwòl la, ki te paralize peyi a pou plizyè mwa.

Si li vle ede Ayiti abòde bezwen ijan sa yo, USG dwe sispann sipòte koripsyon PHTK yo, pou yon solisyon  ayisyen ap jere ki pral retabli lòd demokratik atravè yon gouvènman pwovizwa kredib ki kapab parèt.

Wòl Etazini an senp: Etazini pa ta dwe sipòte okenn pati politik ni mande pou Ayisyen pran yon chemen patikilye nan direksyon demokrasi. Yon Ayiti ki estab - ki bon pou ni ayisyen ni ameriken - mande pou ayisyen dirije ak posede pwosesis demokratik la.

Òganizasyon yo: